REKLAMASYON DWA SIVIL AK POLITIK TOUT DYASPORA AYISYEN

Le problème

Jistifikasyon

Depi plis pase 30 lane,pèp ayisyen an deside mete kanpe yon rejim demokratik. Avek konstitisyon 1987 la,tout ayisyen vin lib pou chwazi desten peyi yo ,yo tout lib pou chwazi moun yo vle pou dirije yo. Men domaj,chak fwa pèp la chwazi fè yon chwa li toujou wont apre,menm lè nou konsyan eleksyon nan peyi an toujou mache ak iregilarite,sa ki vin fè anpil fwa se pa moun pèp la vle a ki eli. Men gen yon kategori ayisyen ki kite peyi a akoz de jan dirijan yo ap mal dirije peyi a,movèz gouvènans vin koz gen plis mizè,ensekirite blayi sou tout fòm sa ki vin fè pi fò ayisyen gen degou ak peyi a,sa ki pa pati yo se sa ki pa kapab,ak sa ki gen enterè dirèk nan pouvwa a kap souse peyi a...

Gen anviwon 4 milyon ayisyen ki gaye nan kat kwen mond lan,anpil nan yo Etazini,Lafrans ak Kanada,san konte pil frè ak sè nou yo ki kite peyi a pou al chèche lavi chili ak Brezil,Giyan,Matinik ,Pwovidansyal,Baamas elatriye... Tout ayisyen sa yo fòme sa nou rele dyaspora ayisyèn nan. A yo menm sèl,yo enjekte prè de 4 milya dola ameriken pa ane nan ekonomi peyi a,san éd yo,mpa konn kisa ayisyen tap devni. Anpil nan yo ale lekòl lè yo rive nan peyi etranje,yo fè lisans,yo fè doktora,yo chanpyon nan tout kalite konkou,yo tounen gwo jwè foutbòl,genyen ki menm rive antre nan akademi fransèz ,gen lot ki rive okipe gwo fonksyon nan gouvènman peyi kote yo ye an. 

Sa montre a klè moun sa yo se yon bann potansyalite peyi a mete deyò e fèmen pòt sou yo,lè nap konsidere moun sa yo pa gen dwa ni pou yo vote ni pou okipe plas politik nan peyi a. Konbyen medsen serye nou genyen ki te ka fè on bon minis jistis,konbyen gwo agwonòm nou genyen kap sèvi lòt peyi pandan nan tèt ministè agrikilti toujou gen on bann enkonpetan? 

Sou baz sa,nou lanse petisyon sa pou nou mande pou leta ayisyen òganize yon referandòm prese prese pou bay peyi a yon nouvo konstitisyon e nan konstitisyon sa pou tout pitit peyi Dayiti ki lòt bò dlo jwi de dwa sivil ak politik yo ,paske yo se Ayisyen...

Poukisa nou kwè sa ap itil?

Si sa rive fèt,nap gen plis moun fòme e kredib nan pos elektif yo(sa pa vle di pa gen moun fòme ak kredib Ayiti.
Ap gen mwens moun ki pral vote pou mil goud,paske lap difisil pou moun al achte moun sa yo ki deja ap travay e ki anvi vin viv lakay yo.
Nap rekipere anpil sèvo peyi a te pèdi,konsa yap vin patisipe nan  devlopman peyi yo...

avatar of the starter
Mahfoud HAITILanceur de pétition
Cette pétition avait 128 signataires

Les décisionnaires

Tout les haitiens
Tout les haitiens
Presidence Haiti
Presidence Haiti

Mises à jour sur la pétition

Partager la pétition

Pétition lancée le 17 juin 2020