Nou vle ka itilize PAYPAL an AYITI

Nou vle ka itilize PAYPAL an AYITI

0 a signé. Prochain objectif : 5 000 !
Quand elle atteindra 5 000 signatures, cette pétition aura plus de chance d'être reprise par les médias et journaux locaux !
Sajous GELUMER a lancé cette pétition adressée à PayPal

2021 fè deja 40 lane depi ENTÈNÈT egziste. E 40 lane sa tou , se 40 lane Opòtinite, 40 lane Fasilite e 40 lane DEVLOPMAN! 

Nou menm jèn Ayisyen ki konsyan ke nou vle anbake pou m monte Tren Devlopman ak Richès sa, ta swete ke Paypal disponib pou tout jèn ayisyen ki vle eksplwate resous ke entènèt la ka pèmèt yo genyen nan plizyè domèn tankou:

-E-Learning

-E-Commerce

-Echanj ak pèman

elatriye

______ 

2020 ak Covid-19 ;se youn nan pi gwo prèv ke n ka genyen de enpòtans Paypal genyen nan lavi yon jèn antreprenè, yon fòmatè ak yon Freelancer ki ta anvi bay e vann sèvis li sou entènèt.

2020 montre n tou ke aktivite kotidyen n ka kanpe nenpot ki moman, ke tranzaksyon labank yo, transfè nan biwo yo, acha yo etc, ka estope a nenpòt ki moman.

 

men Gras ak Paypal ki itilize ak eksplwate egzistans entènèt fasilite lavi plizyè milyon moun nan mond lan, nan ede yo resevwa, voye , peye, achte san pa deplase ak anpil fasilite.

li ede tou anpil kreyatè kontni jwi ak benefisye fri travay yo san prezans yon entèmedyè ki la lontan ki se labank!

—————

Petisyon sa se kri tout yon jenerasyon ki ekate , ki meprize a chak fwa yo deside enskri yon kote pou yap di paypal pa disponib pou rejyon w lan.

petisyon sa se tout yon konkennchen demand pou n mande ak Paypal pou l fasilite tout moun ki Ayiti gen yon kont paypal san nou pa itilize nimewo tel lot  peyi oubyen manti sou adrès nou.

Paypal nou di w mèsi pou egzistans ou e mèsi pou sèvis sa w pral pèmèt disponib pou teritwa ayisyen an

0 a signé. Prochain objectif : 5 000 !
Quand elle atteindra 5 000 signatures, cette pétition aura plus de chance d'être reprise par les médias et journaux locaux !