Améliorer les conditions de vie sur le campus Henry Christophe de Limonade

Le problème
Nou etidyan Campus Henry Christophe de Limonade (CHCL), Adrese demann sa a bay Premye minis Repiblik la, Rektora Inivèsite Leta a, Minis Edikasyon Nasyonal la, ULCC, Pakè Cap-Haïtien an, CSC/CA ak chak moun nan kominite a an jeneral :
Nou jwenn tèt nou nan yon sitiyasyon ki depase limit tolerans mounite nou. Chak jou, kondisyon lavi sou kanmpis la ap deteryore, sa ki mete nan menas non sèlman patrimwàn fizik ak moral sa nou genyen an (CHCL), sekirite nou, epi tou espwa nou genyen nan lavni ak edikasyon nou. Nou ekri petisyon sa a pou fè wout tout otorite ki gen pouvwa pou chanje sitiyasyon sa a. Nou bezwen aksyon imedyat, paske lavi nou, byenèt nou, ak avni nou pa ka kontinye sibi anba chay sa yo. Nou mande avèk tout fòs kouraj nou, ak tout espwa ki rete nan kè nou, pou nou tande vwa nou, vwa tout etidyan ki ap etidye nan kanpis la.
Pwoblèm Kap Fè Nou Soufri Chak Jou Sou Campus la:
- Enstalasyon sanitè yo
Enstalasyon sanitè yo pa apwopriye sou campus la. Majorite latrin yo fin gate, ti rès sa ki pa gate yo pa pwòp, yo pa gen dlo regilyèman sa ki koz pafwa si yon etidyan ale kanmpis, li gen yon bezwen pou l fè, li oblije ap fè anpil monte desann pou l wè kote l ka jwenn yonn pou l fè bezwen an oubyen al lakay li. Nou oblije itilize kondisyon sa yo chak jou. Èske se sa nou merite kòm etidyan ki senpleman ap chèche yon avni miyò pou asire yon bon demen nan peyi nou?
- Kafeterya pa fonksyone
Nou pa gen yon kafeterya kote nou ka manje yon manje ki apwopriye pou kenbe nou anfòm pandan jou etid yo. Sa vin mete nou nan sitiyasyon pou nou deplase kite espas kanmpis la, mache nan lari pou jwenn yon ti bagay pou manje, sa ki mete lavi nou an danje paske kondisyon sanitè manje nan lari yo souvan doute. Anplis de risk ke nap sibi yo, gen nan machann yo ki konn tou pwofite fè mache nwa paske yo konn se nan men yo sèlman nou ka jwenn achte sa pou n manje.
- Etidyan medsin yo pa ka fè rezidans yo : Etidyan medsin yo pa gen aksè ak rezidans, yon etap esansyèl nan fòmasyon yo. Administrasyon an pran desizyon ki san sans, ki fè ke jèn pwofesyonèl sante sa yo, ki ka vin doktè peyi a bezwen, pa ka kontinye etid yo kòrèkteman. Nou mande, èske yo vle yo echwe? Èske se konsa yo ka asire avni sektè sante peyi nou an?
Poukisa tout moun dwe soutni koz nou an?
Noumenm etidyan, nou se lavni peyi nou. Se nou ki pral dirije peyi a demen, se nou ki pral pote solisyon pou pwoblèm ki ap vale teren nan sosyete nou an. Se yon nesesite pou nou etidye nan yon anviwònman ki pwòp, ki sekirize, ak ki bay tout etidyan chans egal pou reyisi. Nou pa kapab aksepte pou lavi nou ap deteryore chak jou, pou byennèt nou ap mete an danje, epi pou sekirite nou ap neglije. Soutni koz nou an, se mete men ansanm ak nou pou bati yon pi bon avni pou tout etidyan, epi, an final, pou tout peyi a. Se yon apèl a solidarite, yon apèl pou nou pran konsyans ke se lavi ak avni yon jenerasyon ki sou balans lan.
Altenatif pozitif yo ak solisyon nou pwopoze yo:
- Rekonstriksyon enstalasyon sanitè yo epi re ouvri kafeterya: Nou mande pou leta pran aksyon rapid pou ranje enstalasyon sanitè yo, pou rebalanse ak yon kafeterya kote etidyan yo ka manje an sekirite. Sa ap amelyore kondisyon lavi nou, redwi ris maladi, redwi ris aksidan epi kreye yon anviwònman ki ankouraje etid.
- Fasilitasyon Rezidans Pou Etidyan Medsin yo:
Nou mande pou administrasyon an pran mezi nesesè pou retire tout baryè ki anpeche etidyan medsin yo fè rezidans yo. Si sa fèt, sa ap pèmèt nou gen plis doktè konpetan ki kapab sèvi peyi a.
Apèl ak aksyon pou fè chanjman reyalize
Nou envite tout sitwayen, etidyan, medya, ak òganizasyon k' ap lite pou jistis ak dwa moun pou soutni petisyon sa a. Si nou tout ansanm mete men nan men, n'ap kapab fòse otorite yo pran mezi imedyat pou rezoud pwoblèm sa yo. Lè w siyen petisyon sa a, w ap ede pwoteje lavi etidyan, asire sekirite fanm, epi garanti yon edikasyon ki diy pou tout etidyan. Nou pa ka rete silans, paske si nou pa fè anyen, se noumenm kap kontinye sibi konsekans yo.
695

Mises à jour sur la pétition
Partager la pétition
Pétition lancée le 31 août 2024