​Mete Fen nan Abi ki ap Fèt nan Foutbòl Feminen an! (Haitian Creole)

This petition had 17,645 supporters

The Issue

Mwen rele  Baraya Louis epi mwen se yon ansyen jwè nan seleksyon nasyonal foutbòl feminen an. Mwen te grandi an Ayiti kote mwen te reve vin yon jwè foutbòl pou mwen reprezante peyi mwen nan Koup dimonn feminen an.

Sa ki ta dwe yon rèv ki vin reyalite te pito tounen nan yon move rèv. Nan lekòl foutbòl la, mwen te reyalize mwen menm ak lòt tifi epi ti gason ki te nan laj 12 ane te toujou espoze ak asèlman epi abi seksyèl nou te kapab sibi anba men prezidan federasyon foutbòl ayisyen an, Yves Jean-Bart, ak lòt dirijan epi antrenè yo—ki ta sipoze pwoteje timoun yo.

Patou nan monn nan, atlèt yo kòmanse karyè yo pandan yo timoun. Predatè seksyèl ki genyen nan federasyon espò yo pwofite de rèv nou kòm atlèt pou abize epi anpeche jwè yo pale.

Kòm atlèt, viktim epi lansè alèt nou te leve vwa nou epi denonse aksyon sa yo devan FIFA, ki se òganis mondyal k ap dirijefoutbòl la. Olye yo bay nou pwoteksyon epi jwenn mwayen pou nou jwe an sekiite epi denonse abi seksyèl yo, FIFA te pito pwoteje tèt li epi espoze viktim yo ak menas lanmò.  

Ansyen prezidan federasyon foutbòl ayisyen an, Yves Jean-Bart ak lòt dirijan wo plase te tonbe anba sispansyon FIFA an 2020, epi Jean Bart te resevwa sispansyon pou lavi an Novanm 2020 aprè plizyè dizèn viktim te prezante prèv kont li.  

An Fevriye 2023, Tribinal Abitral Espò a te leve entèdiksyon pou lavi ki te pran kont Jean-Bart, yon desizyon ki trayi viktim yo ki te riske vi nou pou denonse abi ki te komèt yo.  

Dirijan foutbòl an Ayiti epi nan monn nan resevwa anpil pouvwa ak plizyè milyon nan men FIFA pou fè foutbòl feminen an avanse. Olye sa, diijan yo vòlè lajan an, ak salè nou kòm pwofesyonèl, epi abize atlèt ki se timoun.  Abi finansyè ki fèt sou jwè fanm yo ak salè ki vèse yo ki pa apwopriye ede nan esplwatasyon seksyèl sistemik nou menm jwè n ap andire depi plizyè dizèn ane.

Tanpri siyen petisyon mwen an pou mande FIFA respekte pwòp règ li yo epi pèmèt:

  • Moun ki ap denonse abi yo fè sa an tout sekirite
  • Genyen reparasyon pou viktim yo, epi
  • Pou jwè foutbòl fanm resevwa yon salè ekitab, epi pou genyen prim lajan nan Koup dimonn fanm nan. 

Ede mwen jwenn 100,000 siyati pou di FIFA atlèt fanm yo merite salè ekitab, sekirite, pwoteksyon ak jistis!

#AthletesAgainstAbuse

Petition Updates