Petisyon pou kreye Konplèks kotye ak maren pou pwoteje 4 ZCB Zile Lagonav yo

Le problème

Lagonav, 5 jwen 2024

Otorite peyi Dayiti 

Nan tout bwat Leta santral  

Gran tè Peyi Dayiti  

Petisyon pou kreye Konplèks kotye ak maren pou pwoteje 4 Zòn Konsantrasyon Byodivèsite (ZCB) Zile Lagonav yo

Nou menm, potorik fanm ak gason Lagonav, deside pase yon petisyon sou teritwa nasyonal la e nan kominote ayisyen aletranje pou klasman zile a « Konplèks kotye e maren ».

Nou menm, potorik fanm ak gason Lagonav, rekonèt provizyon lalwa ba nou sou proteksyon potansyèl natirèl Zile Lagonav :

� Yon bò, nou jwenn zouti kad legal ayisyen an tankou : Manman lwa 1987 nan Atik 36, 36-1, 36-5, 52-1.h, 136, 138, 215, 253, 254, ak 256 li yo ; Lwa 6 jen 1963 sou abitasyon epi amenajman vil ak kanpay pou devlopman ibanis peyi a ; Dekrè 18 mas 1968 sou deklarasyon « Pak nasyonal oswa Sit natirèl » yo ; Dekrè 27 oktòb 1978 sou lapèch ; Dekrè 26 Janvye 2006 sou jestyon anviwonman ; Dekrè 16 Dawout 2020 ki òganize Ministè anviwonman ; ak tout lòt lwa, dekrè, arète, règlemantasyon ki ale nan menm sans la.

� Yon lòtbò, nou jwenn zouti konvansyon ak plan daksyon entenasyonal Leta ayisyen siyen oswa dakò yo tankou : Konvansyon amerikèn sou dwa moun ki adopte 22 Novanm 1969 e ratifye nan 27 sektanm 1977 ; Konvansyon sou byodivèsite ki adopte 22 me 1992 e ratifye nan Dawout 1996 ; Konvansyon sou chanjman klimatik adopte ; Konvansyon sou lit kont dezètifikasyon adopte ; Estrateji ak Plan daksyon pou byodivèsite (SPANB 2011-2020) 20 objektif Aychi pou byodivèsite, e estrateji mondyal pou divèsite byolojik (2021-2030) siyatè Konvansyon sou byodivèsite yo te mete sou pye nan COP10 ; ak tout lòt akò ki ale nan menm sans la ki ta gen pou vini.

Nou menm, potorik fanm ak gason Lagonav, rekonèt kontribisyon larechèch syantifik ak teknik bay sou valè ekolojik potansyèl natirèl Zile Lagonav genyen tankou :

� travay Jean Wiener nan Fondasyon FoProBim ki te propoze pou zile a deklare « zòn maren proteje » depi nan lane 2000 ;

� travay Joël Timyam ak Jean-Vilmond Hilaire nan Société Audubon Haïti, Gregor Hodgson ak ekip Reef Check Haïti ki te patisipe nan defini « zòn kle pou byodivèsite » sou zile a gras ak yon finansman estrikti CEPF ;

� travay Alexandra V. D. Pierre ak Neptune Prince nan Inivèsite Kiskeya ak Nant Inivèsite ki kondanse lokalizasyon jeografik zòn proteje pou ta deklare epi zòn ki ta gen resous minyè ak enèjetik pou valorize sou zile a.

Nou menm, potorik fanm ak gason Lagonav, rekonèt valè sosyal potansyèl natirèl Zile Lagonav genyen tankou :

� Sèvis 938 espès plant avèk 17 ladann yo ki andemik a zile, ak 84 espès zwazo zile a rann nan zafè manje abitan yo ki dekonekte ak rès peyi a ; nan zafè medsin tradisyonèl yon konte san enfrastrikti sanitè ; nan zafè renouvèlman lanati, bote peyizaj yon konte san ekipman vil e san efrastrikti wout ; san konte reptil, kristase ki rete pou lasyans vin dekouri nan yon zile ki lokalize li nan « Pwen cho byodivèsite » Zile karayib yo.

� Lanmè pou pratike aktivite ekonomik ; pou sikile avèk grantè Karyès ak Miragwàn ; pou distraksyon, devosyon relijyon ak byennèt abitan ak vizitè zile a ; pou 1 251 500,00 US sèvis ekosistemik mangwòv, resif koray ak zèb lanmè yo deplwaye pou abitan zile a.

Nou menm, potorik fanm ak gason Lagonav, eksprime enkyetid nou devan potansyèl natirèl Zile Lagonav ki ap depafini tankou : rezèv dlo zile a ki ap pran gro frap anba sechrès, pyebwa nan mòn yo ak mangròv yo sou lakòt la ki koupe pou fè chabon oswa pase anba bouch bèt nan elvaj lib, resous tè zile a ki eksplwate san konsiderasyon resous dlo dous ki travèse zile a e resous dlo lanmè ozanviron zile a ; milye vi abitan yo devan sakad chanjman klimatik pandan zile a tou wouj nan kat vilnerabilite nan peyi a.

Nou menm, potorik fanm ak gason Lagonav, konstate Leta ayisyen lage arondisman zile Lagonav de bra balan : san enfrastri de baz pou abitan yo viv tankou moun ; san mezi proteksyon plato kontinantal, zòn ekonomik esklizif, lanmè ki bat sou zile a ; san reprezantasyon aktif biro ensilè leta santral yo pou vwa abitan nou yo ka konte tou sou teritwa nasyonal la.

Se poutèt sa potorik fanm ak gason Lagonav reyini pou mande Otorite leta peyi Dayiti :

� jwe wòl lalwa ba li nan jere resous ak espas natirèl ki konstitye tout ekosistèm ak zòn lavi pou fón ak flò nan zile lagonav ;

� pran responsabilite li nan deklarasyon Zile Lagonav « Konplèks kotye e maren » ak 4 zòn projete nan lanmè ladann : Picmi, Lagonav Nò, Lagonav Sid, Akaden ;

� voye Ministè Anviwonman vin monte dosye teknik pou tèks deklarasyon an sòti nan reyinyon Konsèy Minis ;

� fè lyezon bidjè nasyonal ak finansman entènasyonal pou envestisman ak rechèch syantik fèt sou zile a anban nouvo stati « Konplèks kotye e maren ».

Petisyon sa ouvè pou siyati tout moun ki kwè nan kòz abitan zile Lagonav ak nan enpotans « Konplèks kotye e maren » zile Lagonav

avatar of the starter
Ericca Johanna Deborah LAGRANDEURLanceur de pétitionCEO de Kanbiz Gran Lakou. Écologiste. Féministe matérialiste. Agr.Environnementaliste. Présidente de @CAPEELAG. Membre Fondateur de FONLAJ.

Victoire

Cette pétition a abouti avec 380 signatures !

Mises à jour sur la pétition