PÈMÈT SITWAYEN LGBTQ+ AMERIKEN MARYE AK PATNÈ YO ANBASAD AMERIKEN KI ALETRANJE YO

The Issue
Mwen espere ke lèt sa ap jwenn ou byen, epi ouvè a pwisans konpasyon ak chanjman. M ap ekri w ak yon kè lou, akable avèk konesans de yon gwo enjistis ki pèsiste pou moun LGBTQ+ nan mond entèkonekte nou an. Atravè petisyon sensè sa a, mwen mande ak imilite sipò w pou mande Sena Etazini an pou l pran yon etap nan direksyon pou korije mal sa a: pèmèt maryaj moun menm sèks yo fèt nan anbasad ameriken yo nan peyi kote maryaj LGBTQ+ rete ilegal.
Antanke sitwayen yon nasyon ki gen fyète pou libète, egalite ak dwa moun, nou gen yon obligasyon moral pou nou kanpe kont diskriminasyon sou tout fòm li yo. Kominote LGBTQ+ a ki se, zanmi nou, fanmi nou, ak sitwayen parèy nou yo toujou ap konfwonte ak reyalite difisil: yo refize yo dwa debaz pou eksprime lanmou yo ak angajman yo atravè lyen maryaj, tou senpleman akoz de moun yo ye ak moun yo renmen.
Li esansyèl pou nou rekonèt gwo enpak enjistis sa a genyen sou lavi yon pakèt moun. Lanmou inivèsèl, supase fwontyè e limit. Li pa konnen okenn limitasyon nan ras, relijyon, oswa sèks. Refize koup menm sèks opòtinite pou yo marye se yon refi de imanite yo ak yon vyolasyon dwa debaz yo. Lè nou pèmèt maryaj moun menm sèks fèt nan anbasad Ameriken yo, nan peyi kote maryaj yo paka fèt, nou voye yon mesaj klè ak sonò ke lanmou ta dwe selebre ak pwoteje, pa étouffé pa prejije.
Chak siyati sou petisyon sa a se yon deklarasyon enpati, yon pozisyon kont diskriminasyon, ak yon pledwaye pou jistis. Lè w ajoute non w nan petisyon sa a, ou rantre pami yon chèn de vwa ki refize fè silans devan enjistis sa a. Nou mande reprezantan eli nou yo, pou yo sèvi ak enfliyans yo, ak pouvwa yo, pou yo fè yon enpak pozitif sou lavi moun LGBTQ+ atravè mond lan, pou yo ofri yo yon ti espwa ak yon pwomès egalite.
Tanpri pran yon ti tan pou w bay sipò w pou kòz kritik sa a. Siyen petisyon an nan https://www.change.org/p/allow-lgbt-us-citizen-to-marry-their-partner-at-us-embassies-abroad epi, fè non w vin yon senbòl chanjman, yon limyè de konpasyon, ak yon temwayaj pou le fè ke chak moun merite dwa pou yo renmen ak marye lib, san krent oswa diskriminasyon.
Mèsi pou konsiderasyon ou e paske w se yon chanpyon nan jistis ak egalite. Ansanm, nou ka ede kreye yon mond kote tout lanmou rekonèt e selebre.
Avèk rekonesans sensè,
Masisi Pou Sikse Masisi Inc.
17

Petition created on August 9, 2023