Petition updateKonstriksyon wout Kenscoff / Marigo / Bèlans an pasan pa Segen (La Vizit)

Libere materyèl Travo Piblik yo pou sove Katye Segen, lòt zòn ki anviwonnen yo ak depatman Sidès la

FADECOV Lavisite
Jun 28, 2026

Mesye Lionel Constant Bougoin,

Komisè Gouvènman toupre Tribinal Premye Enstans Sidès la,

Nou menm sitwayen ak òganizasyon ki konsène ak avni depatman Sidès la, ansanm ak FADECOV, ap mande w pou w pran dispozisyon legal ki nesesè pou libere materyèl Direksyon Depatmantal Travo Piblik Sidès la, ki ta bloke nan komin Tyòt, pou yo ka sèvi san pèdi tan nan travay ijans sou aks Segen – Kajak.

Depi plis pase yon lane, depatman Sidès ap sibi yon menas ensekirite k ap grandi. Nan rejyon La Vizit la, espesyalman Wo Makari, Segen, Baie d'Orange, Mare Briole ak Kajak, plis pase 40 moun deja pèdi lavi yo, plizyè milye moun kite lakay yo, aktivite ekonomik yo paralize, epi popilasyon an ap viv nan gwo mizè ak ensekirite.

Youn nan pi gwo koz sitiyasyon sa a se move eta aks Segen – Kajak la, ki se limit ant depatman Sidès ak Lwès. Wout sa a ta dwe pèmèt fòs lòd yo deplwaye pi fasil pou kontwole zòn nan epi anpeche gwoup ame yo avanse. Okontrè, move kondisyon li vin tounen yon avantaj pou bandi yo, ki antre, touye moun, boule kay, vòlè bèt, epi simen laterè.

Malgre plizyè demann ak apèl popilasyon an fè, Direksyon Depatmantal Travo Piblik Sidès la fè konnen li pa kapab entèvni, paske kèk nan prensipal ekipman li yo pa disponib. Daprè enfòmasyon yo bay, materyèl sa yo, ki ta anba sezisman oswa bloke nan komin Tyòt, se:

  1. Yon gredè;
  2. Yon chajè (loader);
  3. Yon woulo konpresè;
  4. Yon kamyon.

Responsab Direksyon Depatmantal la fè konnen yo pa gen lòt ekipman fonksyonèl nan depatman an pou reponn ak ijans ki genyen sou aks Segen – Kajak la.

Mesye Komisè Gouvènman,

Nou pa doute ou okouran gravite sitiyasyon an, espesyalman nan zòn segen. Atak gwoup ame yo deja lakoz anpil viktim, detwi byen prive ak piblik, epi fòse plizyè milye moun kouri kite lakay yo. Chak jou ki pase san entèvansyon ogmante risk pou plis komin tonbe anba kontwòl gwoup ame yo.

Nou konprann komin Tyòt genyen pwòp bezwen pa li an tèm de enfrastrikti. Men, nan moman n ap fè fas ak yon ijans sekiritè ak imanitè, li enpòtan pou resous Leta yo sèvi an premye pou pwoteje lavi moun ak prezève entegrite teritwa depatman an.

Se poutèt sa nou mande Ministè Piblik la pou:

  1. Pran tout mezi legal ki nesesè pou pèmèt Direksyon Depatmantal Travo Piblik Sidès la rekipere ekipman li yo san pèdi tan;
  2. Garanti ke materyèl sa yo rive sou aks Segen – Kajak la pou travay ijans yo kapab kòmanse;
  3. Mete aksyon piblik an mouvman kont nenpòt moun oswa gwoup ki ta anpeche deplasman ekipman Leta yo oswa ki ta detounen, degrade oswa retire pyès nan materyèl sa yo.

Jodi a, kesyon an pa sèlman konsène yon wout. Li konsène sekirite yon depatman antye, lavi plizyè milye sitwayen ak avni depatman Sidès la.

Nou lanse yon apèl bay tout sitwayen, tout òganizasyon, tout eli lokal yo ak tout fòs viv depatman an pou yo sipòte demach sa a.

Ann mande ansanm pou:

Libere materyèl Travo Piblik yo!

Louvri aks Segen – Kajak la!

Pwoteje depatman Sidès la!

 

Chak jou reta kapab koute lòt lavi ankò.

__________________________________________________

FADECOV

fadecolavisite@gmail.com

Copy link
WhatsApp
Facebook
Nextdoor
Email
X