Konstriksyon wout Kenscoff / Marigo / Bèlans an pasan pa Segen (La Vizit)

Konstriksyon wout Kenscoff / Marigo / Bèlans an pasan pa Segen (La Vizit)

192 ont signé. Prochain objectif : 200 !
Lancée le
Adressée à
Ministè Travo Piblik, Transpò, ak Kominikasyon- Ayiti

L'importance de cette pétition

Lancée par FADECOV Lavisite

Konstriksyon wout Kenscoff - Segen - Marigo - Bèlans

Se depi premye Me ane 2000 prezidan nan epòk la,  René Garcia Preval, te inogire  wout Kenscoff - Segen ki  te  fèt  an tè bati men kite repwofile. Depi nan dat sa,  ankenn lòt travay pat janm fèt pou kenbe l nan bon eta pou fasilite deplasman moun ak veyikil. Wout sa pat rete pou lontan akòz pat gen bon jan swivi kite fèt sou fason yo te dwe amenaje kote ki gen falèz, kote dlo bay pwoblèm ak kote ki te kapab gen glisman teren.

Wout sa tèlman vin pa bon,  menm a pye moun paka sikile byen sou li,  alevwa pou bèt ak motosiklèt.  Pou machin menm,  nou pa bezwen pale de sa. Sitiyasyon an pa diferan pou wout ki soti Segen ale Marigo ak soti Segen pou ale Bèlans. Aloske wout sa reprezante  yon  pakèt bagay pou depatman Sidès ak Lwès espesyalman moun kap viv nan awondisman Bèlans (Bèlans, Ansapit, Tyòt,  Grangozye) ak Awondisman Jakmèl (Jakmèl,  Kay Jakmèl, Marigo). 

 

Sou wout nasyonal nimewo 2 a espesyalman nan zòn Matissan gen gwo danje ensekirite akòz moun ak zam k ap simen latwoublay depi kèk ane. Tanzantan, gen gwo pwoblèm ak moun ki blese ak moun ki mouri ak bal. Pandan plizyè mwa pwoblèm sa egziste pi rèd sou wout sa espesyalman nan zòn Matisan kote anpil moun: Jakmèl, Lavale, mabyal, kay-Jakmèl, Marigo, Peredo, Makari, Segen, Bèlans, an difikilte pou sòti e antre Pòtoprens. Pwoblèm sa lakoz sektè dafè a,   sektè touristik la, sektè peyizan, elatriye ap soufri anpil. Li klè ke si te gen lòt kote pou pase, sitiyasyon moun sa yo te ka amelyore e anpil nan moun ki pèdi lavi yo anba bal bandi te kapab ap viv moso lavi toujou. Wout Kenscoff/Segen/Marigo/Bèlans la te kapab yon bon opsyon, men malerezman li pa nan bon eta.

Se poutèt sa FADECOV (Fédération des Associations pour le Développement Communautaire de la visite) vini ak inisyativ sa pou atire atansyon tout moun sou sa e pou mande Leta ayisyen konstwi Wout Kenscoff - Segen (La Visite) - Marigo - Bèlans la. Konstriksyon wout sa ap pote solisyon pou popilasyon an nan divès aspè an patikilye nan aspè ekonomik. Nou kwè ak yon pwojè kote tout etid nesesè yo fèt, wout sa ap yon gwo opòtinite sitou pou depatman Lwès ak depatman Sidès la.

 

Wout se yon chemen asire kap mennen man Devlopman. Anpatikilye, Devlopman dirab kap pwone depi kèk tan pap posib si pa genyen bonjan enfrastrikti woutyè. Konsa, kite popilasyon sa ap soufri konsa san sikilasyon pa menm posib a pye, se kite baryè pou yo pa janm gen akè ak Devlopman Dirab. Nan sans sa, FADECOV pwopoze ak tout moun k ap viv nan depatman Sidès ak Lwès pou siyen petisyon sa pou nou kapab mande leta pran angajman pou konstwi wout sa, konsa anpil pwoblèm moun sa yo ap konnen ap evite e rezoud an menm tan. FADECOV ap asire swivi posib bò kote etablisman piblik yo, anpatiklye Ministè Travo Piblik ak patnè yo pou mande yo egzikite pwojè sa ki ap bon akselerasyon pou ekonomi 2 depatman konsène yo. 

Mèsi anpil a tout sitwayen ayisyen kap pote sipò a inisyativ sa jiskaske revandikasyon an rive jwenn aktè konsène yo e pou yo pote solisyon an ki se "Konstriksyon wout Kenscoff - Segen (La Visite) - Marigo - Bèlans la ".

 

Kontak : fadecolavisite@gmail.com

192 ont signé. Prochain objectif : 200 !