Mettre fin à la violence à l’égard des femmes et des filles
Le problème
Mouche Prezidan,
Nou menm oganizasyon fanm, oganizasyon kap defann dwa moun, oganizasyon jèn, reprezantan pati politik, reprezantan medya, reprezantan legliz ak vodou, inivèsitè, atis, pwofesyonèl, senp sitwayen, lè nap gade epi viv chak jou jan lavi moun pa vle di anyen nan peyi pa bò isit ; zak maspinay, moun ap mouri chak jou tout kote, nan tout sektè: ti bebe, jèn ti moun, ti moun lekòl ak nan inivèsite, jounalis, pè katolik, pastè pwotestan, atis, kominote omoseksyèl la nan peyi a, doktè, avoka, tout ap viv ak kè sote sitou lè nap gade nan ki kondisyon yon ti jèn fi Evelyne Sincère jwenn lanmò li. Zak asasinay sa a touche tout sektè nan nanm yo, sa ki dechire zantray manmnan ak papa pitit lè yo vyole li, bat li, touyel epi lagel sou yon pil fatra.
Mouche Prezidan, apredye, la vi chak grenn ayisyen ak chak grenn ayisyèn sou kont ou, men nou sispèk ni ou ni lòt otorite yo gen lè pa ka fè anyen pou fèmen wobinèt san sa.
Devan klima ensekirite kap taye banda l pi plis chak jou nan peyi a, mouche prezidan, nan lespri desalinyen ak lanmou nou pou peyi dayiti, pou la vi moun konte, pou pitit nou sispan pè epi viv byen nan peyi papa Desalinn te peye ak san’l pou nou an, nou menm moun ki siyen petisyon sa, nou mandew:
1. dedomaje fanmi Evelyne Sincère epi arete, kondane tout moun ki gen a wè ak asasina li;
2. dedomaje épi pou leta pran chay lanmò tout moun ki tonbe anba tren ensekirite espesyalman kidnapping nan;
3. bay lapolis ak lajistis mwayen pou yo kwape kidnapè ak bandi kap simen latwoublay nan sosyete a;
4. revoke otorite responsab yo si Evelyne Sincère pa jwenn Jistis nan mare epi mete nan prizon tout moun ki responsab lanmò li;
5. demisyone si ou pa respekte tout sa nou sot site la yo.
Nou rete kwè sa nou mande yo ap respekte epi sa pa anyen la pou yon prezidan pa ka fè. Nou mande w pou kwè nan salitasyon nou tankou tout bon patriyòt .

Les décisionnaires
Message aux signataires
Partager la pétition
Pétition lancée le 16 novembre 2020