Besoins URGENT à JEANRABEL, Digicel pour un Signal stable & Internet 4G à dans les jours.

Le problème

Commune Jean Rabel se youn pami premye komin andedan peyi ayiti. nan lè yo tap klase komin yo daprè sa istwa rakonte nou te 52e komin.  se yon komin ki chita nan arondisman  mol sennikola depatman Nodwès. Yo toujou trete komin sa kom yon pitit san papa, yon kabrit san ras, yon enpote. Men listwa toujou la pou trase verite andedan fè nwa. komin Janrabel se tankou yon bèl fanm ki kwè nan dyalog, chak nèg ki rive konvenk li ak dyalog ap genyenl nan men. menm si aprè sa nèg sa ap vire kitel ak tout  bèl pawol li te fèl kwè yo. se egzanp pou anpil nèg ak palto ki pase nan denye gouvènman yo.  komin nan vin tounen yon pitit deyo.tout nèg vle fè yon kou ladan.

aprè peryod ansyen(Ayitel)  yo te komanse epwize, yon konpayi (DIGICEL) kite deja nan karayib la te deside fe rantre pal la andedan peyi a pou te vin soulaje malere. yo te vin rann kominikasyon an komanse aksesib pou anpil moun. le saa li te sel kok chante. 

popilasyon an vin ap travèse anpil gro difikilte ak konpayi yo espesyalman DIGIEL ki mete konfyans li sou yon konpayi ki ap bay kouran. konpayi sa konn pase plizyè èd tan 3h pi piti pa fonksyone. popilasyon an vin rete izole ak yon telefon ki paka jwenn sinyal. konpayi SIGORA deja anonse li pwal kanpe nan jou kap vini. Nou deja ap imajine nan ki sitiyasyon ke popilasyon an pwal tonbe.  

konpayi sa genyen yon entènèt se yon entènèt rache pwèl, vitès done yo pi rapid ke degre epi se ak minwi pou jwenn yon bon entènèt. Nan plen 21e syèk sa kote kominikasyon an se yon gro zouti pou yon moun ap pase plis pase 3h tan ak yon telefon sa okenn sinyal...?  rezo a met fe 2semen li pa bon yo pap remèt abone yo kantite minit yo boule pou li a, ale wè pou yo ta eskize yo pou sa. yon lajè komin konsa li merite plis antèn  ke sa.  si konpayi Digicel estime li pa fè kob se poul vire kite komin nan.yon komin ak 7seksyon kominal ki te ka fe 2 komin pou lajè li. li pa gen yon biwo kote ou ka pote doleyans ou. mw asirem ke se menm bgy pou lot komin yo. sa vle di ba nodwès pa merite yon biwo Digicel. 

Nou ta swete nan jou ki ap vini la yo responsab konpayi saaa fe entevansyon li rapid rapid sou komin nan. 

se pa sa selman komanw konprann pou moun yo ap vann yon sim 150goud...? ki kontrol ki genyen...?  mw te pote digicel plent pou sa deja pat janm gen yon swivi. epi sim yo pa lo patat li pa oblije lote sou bak tout moun.

sak bel nan istwa a. pandan map ekri laaa 3h02 konpayi sigora pran kouran. Mw obliye al mande vwazen yon ti wifi poum kontinye ekri. 

Jeneralman men lavi popilasyon Janrabelwaz la ak konpayi telefon DIGICEL

avatar of the starter
Johnson THONYLanceur de pétition
Cette pétition avait 103 signataires

Les décisionnaires

Digicel Haiti
Digicel Haiti
Ministère communication
Ministère communication
Kedlaire Augustin
Kedlaire Augustin
CONATEL
CONATEL

Mises à jour sur la pétition