Обновление к петицииHospitalidad, Regularización y Protección para los migrantes haitianos en las Américas

Nou mande pou akeyi, regilarize epi pwoteje tout migran ayisyen yo nan kontinan Amerik la

Wooldy Edson LOUIDORBogotá, Колумбия
18 нояб. 2017 г.
Depi apre goudougoudou ki te ravaje peyi Ayiti jou 12 janvye 2010 la, plizyè dizèn mil ayisyen te blije pati kite peyi yo pou yo al chache yon lavi miyò aletranje. Anpil debake nan Amerik disid, tankou nan peyi Brezil, Chili ak Ekwatè, pou mande akèy. Gen lòt ki te Etazini lè goudougoudou a te pase, sila yo pa te kapab tounen nan peyi a. Brezil se peyi nan Amerik la ki te bay plis pase 80 mil ayisyen papye pou regilarize yo; men nan moman sa, li ap travèse yo gwo kriz politik ki gen gwo tonton enpak sou ekonomi li. Sa vin fè plizyè ayisyen ki nan Brezil pèdi travay yo, epi yo blije travèse Etazini pou al chache opòtinite. Yo travèse kontinan an, depi nan Sid jouk nan Nò; epi nan wout la, yo fè fas kare ak anpil danje tankou vye bèt, lanmè move, rivyè ki anranje, epi ak rezo kriminèl fannfwa, endiferans zotobre yo, abi, vyolasyon Dwa Moun epi ak anpil pwoblèm pwoteksyon diyite yo ak lavi yo. Yon lòt bò menm, Ladominikani kontinye aplike politik rasis pou kite nasyonalite Dominiken yo ki se pitit ayisyen, epi l ap depòte papil pakèt migran ayisyen san li pa respekte okenn prensip dwa entènasyonal. Ayisyen yo ki Etazini pè anpil pou yo pa depòte yo papil pakèt; se sa ki fè anpil ladan yo gen tan janbe Kanada pou al mande estati refijye. Nan peyi Meksik menm, konyen mil Ayisyen bloke sou fwontyè ant peyi sa ak Etazini, epi y ap sibi yon sitiyasyon imanitè ki malouk anpil. Ann Ayiti sitiyasyon an poko reyèlman kòrèk onivo imanitè, sosyo-ekonomik ak politik, apre goudougoudou a; sa vle di, poko gen okenn kondisyon kite kapab asire Ayisyen ki ta vle tounen yo Sekirite ak Diyite: kidonk yo poko kapab tounen. Kesyon migrasyon ayisyen yo vin tounen yon defi pou tout kontinan an epi li egzije yon solisyon toutbonvre bò kote tout Leta ak Gouvènman yo. Sitwayen fanm kou gason, ann mande ak egzije Leta ak gouvènman nou yo, ak CARICOM, UNASUR, SICA, OEA, NASYONZINI pou yo bay tout migran ayisyen yon ¡Bonjan Akèy, Solidarite, Papye migratwa! ¡Nou mande pou nou fini ak depòtasyon yo! ¡Nou mande pou nou fini ak lendiferans! Jodi a se yo menm ki bezwen ou, demen se kapab ou menm ki pral bezwen yo.
Скопировать ссылку
WhatsApp
Facebook
Nextdoor
Эл. почта
X