STOP THE STATE RACISM IN DOMINICAN REPUBLIC

Petition Closed

This petition had 10,544 supporters

The Issue

Petisyon sa a se pou PM Ayisyen an Dr Ariel Henri, Minis zafè etranjè Mr. Jean Victor Genéus ansanm ak prezidan Dominiken an Mr. Luis Abinader.

Chak jou Dominiken ap touye, vyole, rache, bat, vòlè, imilye, dechèpiye, maltrete Ayisyen kap travay, kap viv oubyen vizite Sendomeng. Tout krim, vyolasyon dwa moun, tòti, iak milyasyon sa yo ap fè anba je pi gwo otorite Dominiken yo. Dayè nan anpil ka se ofisyèl ak sitwayen dominiken nan popilasyon sivil ki fè zak babari sa yo lajounen tankou nan nwit sou Ayisyen yo sou lòd gwo chèf prezidan Abinader.
Fanm ansent, timoun, granmoun, menm moun ki andikape pa chape anba move tretman tout kalte ofisyèl Dominiken ak sitwayen nan popilasyon an ap bay Ayisyen yo.

Yon lòt kote, nan anpil ka mèt travay yo fè travayè migran yo travay pandan plizyè mwa san yo pa peye yo lajan yo dwe yo. Si yo ta mande touche, boss la rele imigrasyon vin pran yo yon fason pou yo ka pa peye lajan travay yo. Lè imigrasyon pran travayè mugran Ayisyen sa yo konsa, yo tou depòte yo la pou la lajounen tankou nan nwit. Dominiken yo menm tou pwofite piye kay Ayisyen yo pran tout sa yo te posede.

Move tretman sa yo Ayisyen ap sibi Sendomeng raple nou gwo masak kriminèl ansyen diktatè Dominiken Rafael Leonidas Trujillo Molina te fè sou plis pase 20,000 (20 mil) timoun, granmoun, fanm ansent ak ti bebe Ayisyen nan lane 1937. Prezidan Luis Abinader ap itilize menm taktik kriminèl sa yo pou montre elektè dominiken yo ke li pi rayi Ayisyen pase lòt kandida yo yon fason pou l ka genyen eleksyon an. Kidonk vyolasyon brital dwa Ayisyen ak santiman anti-Ayisyen tounen yon zouti pou politisyen Dominken nan tout nivo ka geneyen eleksyon.Se pou rezon sa yo nou menm manm platfòm sitwayen angaje #HaitianDignityMatters nou mande premye minis Ayisyen an Dr Ariel Henri pou li pote plent devan ONU, OEA, CARICOM ak tout lòt enstans konpetan nan nivo entènasyonal kont move ajisman lawont otorite Dominiken yo kont Ayisyen sou teritwa yo a.

Pou fini, nap mande Prezidan Dominiken an Mr. Luis Abinader pou li sispann ak pratik rasis, anti-Ayisyen sa yo kont Ayisyen

#HaitianDignityMatters

.

avatar of the starter
JC ZidorPetition Starter

The Decision Makers

Dr Ariel Henri
Dr Ariel Henri
PM Primature Haiti

Petition Updates