PETISYON NASYONAL K AP MANDE RETABLISMAN SEKIRITE SOU TOUT TERITWA NASYONAL LA
Le problème
Nou ka pale de Mondyal la, nou ka selebre espò, men gen yon reyalite ki pi ijan pase tout lòt bagay jounen jodi a: ensekirite k ap ravaje pèp ayisyen an.
Se poutèt sa nou lanse petisyon sa a pou voye yon mesaj klè bay tout Nèg ak Fanm ki okipe fonsyon nan pi wo nivo Leta a, espesyalman gouvènman ki an plas la anba direksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé: misyon prensipal nou se degaje kou nou konnen pou n retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la.
Pèp ayisyen an pa mande mirak. Li di, li bouke ak pil ak pakèt pwomès nou yo. Li pa mande nouvo diskou. Sa li mande se rezilta konkrè kont gang yo, kont kidnaping, kont asasina ak kont tout aksyon teworis k ap detwi lavi sitwayen yo chak jou.
Nou pase tranzisyon sou tranzisyon. Nou pase akò sou akò. Si n ap sonje, nou sot pase yon konsèy ki te gen 9 Moun nan tèt li. Men pandan tan sa a, popilasyon an kontinye ap kouri kite lakay li, pèdi tout sa li te travay di pou li posede, pèdi fanmi li epi pèdi espwa li.
Si moun ki nan tèt Leta jodi a estime yo gen kapasite pou dirije peyi a, yo dwe pwouve sa atravè aksyon rapid, serye ak efikas pou mete fen ak fenomèn ensekirite a.
Men si yo rekonèt yo pa kapab reyalize objektif sa a, yo gen yon obligasyon moral ak politik pou yo remèt demisyon yo, olye yo kontinye rete sou pouvwa pandan sitiyasyon an ap degrade chak jou pi plis.
Ayiti bezwen lidè ki mete enterè nasyon an anvan enterè pèsonèl yo. Ayiti bezwen moun ki gen kouraj, vizyon ak patriyotis pou pran desizyon ki nesesè yo.
Sekirite pa yon privilèj. Se yon dwa fondamantal. E se dwa sa a pèp ayisyen an ap reklame avèk tout fòs li.
Nou pa ka kontinye ak tranzisyon san rezilta. Nou pa ka kontinye konte kadav. Nou pa ka kontinye viv anba menas.
Jodi a, nou lanse yon apèl bay tout sitwayen ki konsyan, tout patriyòt, tout òganizasyon ak tout ayisyen ki kwè peyi sa a merite yon lòt demen miyò:
Siyen petisyon sa a. Pataje li ak fanmi w, zanmi w, kòlèg travay ou ak sou tout rezo yo. Fè vwa w konte.
Pa janm bliye sa: plis nou mobilize, se plis mesaj la ap pi fò. Plis siyati yo anpil, se plis otorite yo ap konprann ke pèp la pa dakò pou l kontinye viv anba laterè.
Nou vle voye yon mesaj klè bay gouvènman an: pèp ayisyen an bezwen sekirite, se pa demen, se pa pita, men kounye a menm.
Jodia, se moman pou gen aksyon ki poze. Se moman pou rezilta vizib. Se moman pou nou pran responsablite nou.
Ayiti pa ka tann ankò.
Wilson GENESTIL
Journaliste et Animateur de : Émission TRIBUNE MATINALE
Radio Rénovation - 107.1 FM

3

Les décisionnaires
Mises à jour sur la pétition
Partager la pétition
Pétition lancée le 16 juin 2026