Ericca Johanna Deborah LAGRANDEURHaiti
17 jul 2024

Avèk 380 sinyatè, nou fèmen petisyon anliy pou kreye Konplèks kotye ak maren pou pwoteje 4 ZCB Zile Lagonav yo.

Kontakte nou smlpl24.capeelag@gmail.com oswa klike sou lyen sa a https://chat.whatsapp.com/GuXGEufJ2NRJaxIwkEcyOy pou w entegre kominote SOVE MANG LAN, PLANTE LAVI k ap entèvni sou tout zile a epi kenbe kontak ak nou pou suit yo.

Nou voye yon gwo kout chapo pou chak moun ki te siyen epi envite lòt moun siyen petisyon sa a.

Koulyea n ap ranmase petisyon ki siyen sou papye nan seksyon kominal yo pou voye kote yo dwe rive nan divès bwat Leta yo.

CAPEELAG te lanse Petisyon sa a pou mande Leta Ayisyen kreye yon Konplèks kotye ak maren pou pwoteje 4 Zòn Konsantrasyon Byodivèsite (ZCB) Zile Lagonav abrite pami 31 ZCB ki gen nan peyi a, pandan kanpay restorasyon mangwòv la t ap cire nan 11 seksyon kominal sou zile Lagonav la.

Se te yon fason pou n di Leta, nou pran responsabilite pa nou kòm sitwayen, pran pa w la tou.

Mèsi pou vwa w ki mele ak pa nou pou zile Lagonav, richès byodivèsite li reprezante pou peyi a ak lavi nan mond l an.

Mèsi,

 

Bon fen mwa

Link kopieren
WhatsApp
Facebook
Nextdoor
E-Mail
X