Petisyon Kafoufèy vle viv

221

Essayons d'atteindre les 500 signatures !
Les pétitions comptant plus de 1 000 signataires ont 5 fois plus de chances d'aboutir !

Le problème

Kontèks Petisyon “Kafoufèy Vle Viv” 🇭🇹

Kafoufèy se youn nan katye ki te toujou konsidere kòm youn nan espas ki pi pezib nan Pòtoprens. Nan ane 80 ak 90 yo, anpil moun te wè katye sa tankou yon vrè repozwa akoz pozisyon jewografik li ak klima fre li. Li sitiye anba Mòn Lopital, ant Tijo ak Matisan, yon pozisyon ki fè li tounen yon espas estratejik ak natirèlman atiran. Daprè delimitasyon PNUD te fè an 2003, yo te divize Kafoufèy an 25 blòk.

 

Pandan plizyè dizèn lane, Kafoufèy te yon espas refleksyon, lapriyè, meditasyon ak kreyasyon atistik. Anpil moun te konn soti byen lwen pou vin pran enspirasyon nan kalm ak frechè zòn nan. Se yon katye ki te enspire gwo atis ak pèsonalite tankou Samba Zao, Lòlò Boukman, Eddy François, Langichat ak Lionel St Eloi.

 

Plizyè gwo pèsonalite nan mizik, teyat, sinema, literati ak espò te viv oubyen grandi nan katye sa, tankou Emeline Michel, Blondedy Ferdinand, Gary Victor, ansanm ak anpil lòt figi enpòtan ki make kilti ayisyèn nan.

 

Kafoufèy pa t janm yon katye ki te sou enfliyans gang ame. Men sitiyasyon an te kòmanse degrade apre lagè ki te eklate ant gwoup ame Ti Bwa ak Gran Ravin. Anpil fanmi ki t ap kouri kite vyolans nan Matisan te vin pran refij nan plizyè lokalite nan Kafoufèy tankou Do Savann, Anba Figye Savann Pistach, Kajou, Jezi Mirak ak bò Nènèl. Malerezman, mouvman sa te fasilite enfiltrasyon moun ak zam nan zòn nan.

 

Aprè anviwon de 2 lane  tansyon ak ensekirite, sitiyasyon an te rive nan yon nivo grav dimanch 13 dawout, lè bandi ame debake nan plizyè zòn nan Kafoufèy. Yo boule kay, asasinen plizyè sitwayen inosan ansanm ak polisye ki te pran angajman pou defann katye a. Malgre tout danje yo, anpil polisye rezistan ki se pitit zòn nan te kanpe pou pwoteje popilasyon an epi refize abandone katye a.

 

Petisyon Kafoufèy Vle Viv la gen pou objektif sansibilize tout Ayisyen k ap viv an Ayiti kou nan peyi etranje (dyaspora), epi rive kolekte plis pase 300,000 siyati pou montre solidarite nou ak tout fanmi ki viktim anba zak vyolans ak ensekirite yo. 

Atravè petisyon sa, nou vle fè sansibilize tout Ayisyen  pou fòse leta  pran bon jan mezi ak desizyon ki kapab pèmèt tout moun k ap viv nan kan yo retounen lakay yo nan diyite ak sekirite. 🕊️

 

Nou mande leta : 

🔹 Mete kanpe yon baz militè oswa yon fòs sekirite espesyal (FÒS RFG) nan Kafoufèy, espesyalman nan zòn Savann Pistach, kote te deja genyen yon baz MINUSTAH nan ane kite pase yo.

🔹 Kreye pi bon kondisyon sekirite pou popilasyon an kapab viv san kè sote.

🔹 Akonpaye tout moun Kafoufèy ki viktim anba zak vyolans depi plis pase 3 lane, kit se sou plan sosyal, sikolojik oswa ekonomik.

 

Kafoufèy bezwen lapè.

Kafoufèy bezwen sekirite.

Kafoufèy bezwen lavi. 

Siyen petisyon an epi pataje li pou plis moun ka mobilize.

 

Lis patnè yo:

Etzer JEAN 

SOS PATRYÒT 

konbit jenès 

Pitit kaafoufèy 

 

Pou tout enfomasyon:

Info@petisyonkafoufeyvleviv.org

 

avatar of the starter
Haïti kase chenn AK ETZER JEANLanceur de pétitionHaïti Kase Chenn se yon òganizasyon sosyal ak imanitè ki angaje li nan defann dwa moun, pwomosyon lapè, jistis sosyal ak solidarite nan kominote yo atravè Ayiti. Òganizasyon an travay pou sansibilize popilasyon an sou kestyon sekirite, dwa sitwayen yo.

Les décisionnaires

Donald Trump
President of the United States
Ministè justis, Ministè enteryè, Primati, Ministè afè sosyal, Nasyon ini
Ministè justis, Ministè enteryè, Primati, Ministè afè sosyal, Nasyon ini
Nation unis
Ministere de la justice
Ministere de la justice
Leta Ayisyen
Ministere interieure
Ministere interieure

Message aux signataires