Nou mande pou gen mezi ki pran kont bandi Ayiti yo (Tiktok, Facebook, youtube)

La causa
Nou redije petisyon sa pou nou mande "TikTok, YouTube ak Facebook" pran mezi pou bloke «live», videyo ak mizik ki ankouraje zak bandi ak vyolans an Ayiti.
Depi kèk tan, sitiyasyon sekirite a nan peyi Ayiti ap agrave chak jou. Bandi ak zam ap simaye laterè sou popilasyon sivil lan. Zak sa yo souvan fèt ak konplisite oswa enspirasyon atravè rezo sosyal yo, kote yo itilize sesyon an dirèk (live) ak mizik pou fè pwopagann ak glorifye aktivite kriminèl yo.
Nan dat 25 avril 2025, kat jèn gason te egzekite an dirèk sou TikTok pa gang ame, sa ki koze gwo chòk ak endiyasyon atravè sosyete a. Anplis, anpil mizik sou YouTube ak lòt platfòm ap sèvi pou fè lwanj gang ak zak malonèt, mete presyon sou popilasyon an, epi ankouraje plis vyolans.
Nou, sitwayen konsyan, mande:
- TikTok, YouTube ak Facebook bloke tout live, videyo, ak mizik ki ankouraje gang, zak kadejak, kidnapping, ak lòt fòm vyolans.
- Fèmen kont moun k ap itilize platfòm sa yo pou fè pwopagann kriminèl an Ayiti.
- Mete an plas règ strik kont tout kontni ki tolere oswa ankouraje zak banditis ak latwoublay.
Nou kwè ke rezo sosyal yo gen yon responsabilite moral ak sosyal pou pwoteje lavi, sekirite ak diyite moun atravè mond lan, espesyalman nan peyi tankou Ayiti ki ap viv yon kriz grav.
Nou mande w siyen petisyon sa a pou nou egzije aksyon imedyat pou sispann pwopagasyon vyolans atravè rezo sosyal yo.
Ann lite pou lavi, ann lite pou jistis, ann lite pou Ayiti!
1

Compartir esta petición
Petición creada en 25 de abril de 2025