Yon pwopozisyon pou dezangòje vil Okap

Signataires récents:
Erick CESAR et 19 autres ont signé récemment.

Le problème

Pwopozisyon pou dezangòje vil Okap
 
De : Kolektif sitwayen Kenbe Kap Òw

Pou : Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT)

Sijè : Demand pou ranplasman dirijan minisipal yo nan Okap

Entwodiksyon

Dezyèm vil Ayiti, Okap, ap travèse yon sitiyasyon difisil ki mete lavil la nan yon kriz istorik. Pwoblèm yo miltip, e se rezilta yon mank lidèchip nan meri a, ki ta dwe pi gwo aktè chanjman pou kominote a. Se poutèt sa, nou, sitwayen angaje ki rasanble nan kolektif Kenbe Kap Òw, deside soumèt petisyon sa a pou mande aksyon prese nan non enterè popilasyon kapviv nan Okap.

Konstata nou fè

Nou konstate plizyè domèn kote echèk otorite minisipal yo vin yon menas dirèk pou lavi sitwayen yo :

Kondisyon sanitè ak jesyon fatra

Fatra pil sou pil nan lari yo, nan mache ak nan kanal yo.
Kanpay netwayaj yo (tankou Operasyon Vil Pwòp) enkonplè e san rezilta dirab.
 
Enfrastrikti ak inondasyon

Kanal yo bouche, drenaj pa egziste.
Chak lapli pote inondasyon, ogmante risk sante piblik.
 
Ibanizasyon san kontwòl

Pa gen règ strik sou konstriksyon.
Plizyè fanmi ap viv nan zòn danjere (ravin, plenn inondab, pant mòn).
 
Transpò ak sikilasyon

Pa gen plan trafik estriktire.
Tap-tap, motosiklèt ak machin prive kreye dezòd total.
 
Anviwònman degrade

Deforestasyon alantou vil la.
Polisyon dlo ak move jesyon resous natirèl yo.
 
Mank gouvènans ak transparans

Meri a pa jwe wòl kowòdinasyon li.
Resous lokal yo (taks, dwa ladwàn, revni pò ak ayewopò) pa sèvi popilasyon an.
 
Reklamasyon nou
 
Nan non kominote a, kolektif Kenbe Kap Òw ansanm ak plizyè sektè sosyal, politik ak sivik nan Okap :

Denonse move jesyon ak iresponsablite otorite minisipal yo.
Mande prese prese pou ranplase yo, akoz enkonpetans ak mank vizyon yo.
Reklame ke moun ki pral chita nan nouvo katèl minisipal la dwe gen:

Yon reprezantativite klè nan kominote a.
Bon konesans nan administrasyon piblik.
Bonjan konesans sou espas Okap la.
Lidèchip vizyonè ak kapasite pou inove.
Bon repitasyon nan kominote a.
 
 Nou pare pou mete konpetans teknik kolektif la disponib pou ede nouvo ekip la redrese sitiyasyon an yon bòn fwa.

Konklizyon

Okap pa dwe rete tounen yon depotwa nasyonal. Sitwayen yo merite yon vil pwòp, òganize, dirab e ki gen avni. Nou mande Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon pran mezi prese pou retire lavil Okap nan kriz sa a.

393

Voix de signataires

Mises à jour sur la pétition

Partager la pétition

Pétition lancée le 17 août 2025