Vol commercial

2 752

Le problème

 

Nou Vle Vòl Komèsyal retounen ant Brezil ak Ayiti mete fen nan izolasyon Ayisyen yo. 
 

W ap viv nan yon peyi etranje, epi ou jwenn nouvèl ke yon manm nan fanmi w mouri, ou santi kè ou kraze, ou santi yon doulè ke w pa ka dekri. Ou vle ale nan peyi w, pou w wè fanmi w, zanmi w, men se domaj : pa gen vòl komèsyal ki soti Brezil pou ale Ayiti. Ou pa ka ale. Pandan tout tan sa a w ap mande kilè w ap jwenn yon chans pou ou ta di yon dènye adye ak moun ou renmen, pou w ka pran yon dènye souf avèk fanmi ou. 
 
Sa a, se pa yon istwa sèlman; sa a se reyalite pou Ayisyen k ap viv nan peyi Brezil. Y ap fè fas ak yon sitiyasyon entolerab. Yo pa ka jwenn vwayaj pou ale nan peyi yo. Yo pa ka al wè fanmi yo, ni fanmi yo pa ka vini wè yo, paske vòl yo sispann. Se tankou yon rèv ki pa janm ka tounen reyalite. Moun sa yo plis pase moun ki nan prizon, yo se prizonye de sitiasyon sa a, yo se viktim yon sistèm ki fè yo viv nan yon izolasyon total. 
 
Men, nou kapab fè yon diferans. Nou kapab chanje sa! Nou kapab mete fen nan solitid ak separasyon sa a. Nou kapab pèmèt Ayisyen sa yo tounen lakay yo, pou ale nan peyi yo lè yo bezwen, pou retabli koneksyon ak pou pote lapè nan kè moun sa yo ki twouve yo nan yon sitiyasyon difisil. Nou bezwen retabli vòl komèsyal yo, paske sa se yon dwa fondamantal : dwa pou vwayaje, dwa pou tounen lakay ou, dwa pou w sipòte fanmi w nan moman difisil sa yo.

Nou pa ka tann ankò. Nou bezwen aksyon kounye a! Si ou santi ke sa a se yon bagay ki touche kè w, si ou kwè ke tout Ayisyen merite yon chans pou yo jwenn yon solisyon, tanpri, siyen petisyon sa a.

Se yon apèl pou jistis, pou koneksyon, pou fanmi. 

Koute rezon petisyon an : https://youtu.be/wWf1pOKItFY?si=qVCBvXRQPa3T9hUU

Rejwenn mwen : https://chat.whatsapp.com/EgrHcQr6uofB2N7CRL2Kmz
 
 
Queremos o Retorno dos Voos Comerciais entre o Brasil e o Haiti, Pondo Fim ao Isolamento dos Haitianos. 


Você está vivendo em um país estrangeiro e recebe a notícia de que um membro da sua família faleceu. Seu coração se parte, você sente uma dor indescritível. Você quer ir ao seu país, ver sua família, seus amigos, mas infelizmente, não há voos comerciais do Brasil para o Haiti. Você não pode ir. Enquanto isso, você se pergunta: quando terá a chance de dar o último adeus a quem você ama? Quando poderá respirar mais uma vez ao lado de sua família? 


Isso não é apenas uma história; é a realidade de muitos haitianos vivendo no Brasil. Eles enfrentam uma situação insustentável. Não conseguem viajar para seu país. Não podem ver sua família, e nem mesmo suas famílias podem vir, pois os voos estão suspensos. É como um sonho que nunca pode se tornar realidade. Essas pessoas estão mais isoladas do que prisioneiros, são prisioneiros dessa situação, vítimas de um sistema que as mantém em completo isolamento. 


Mas nós podemos fazer a diferença. Podemos mudar essa realidade! Podemos pôr fim a essa solidão e separação. Podemos permitir que esses haitianos voltem para casa, para seu país, sempre que precisarem, para restabelecer os laços e trazer paz aos corações dessas pessoas que estão vivendo uma situação extremamente difícil. Precisamos restabelecer os voos comerciais, porque isso é um direito fundamental: o direito de viajar, o direito de voltar para casa, o direito de apoiar sua família nos momentos difíceis. 


Não podemos esperar mais. Precisamos agir agora! Se você sente que isso toca seu coração, se você acredita que todos os haitianos merecem uma chance de encontrar uma solução, por favor, assine esta petição. Este é um apelo por justiça, por conexão, por família.

 

Me Pierre-Erick BRUNY

Voix de signataires

Message aux signataires

Partager la pétition

Pétition lancée le 13 janvier 2025