Rezoud poblèm entènèt ayitia se rezoud poblèm kominikasyon peyia
Le problème
Entènèt se yon zouti enpòtan pou devlopman yon peyi paske li fasilite edikasyon, komès, kreyasyon biznis, travay, inovasyon plis aksè ak mache entènasyonal. Yon peyi ki byen konekte bay sitwayen li plis opòtinite pou kreye richès ak amelyore lavi yo.
Nan peyi d’Ayiti kote koneksyon entènèt la entenperant e chè, anpil moun pa ka benefisye avantaj ki vini avèk yon entènèt efikas. Sa limite kapasite yo pou aprann, pou komès, ak pou devlope biznis yo sou yon echèl mondyal. Nou bezwen fè yon chanjman. Sa fè ke yon bon sèvis entènèt se yon bezwen ijan nan devlopman peyi nou.
Nou kwè ke introduksyon Starlink atravè EM3 ÉCOSSISTÈME kapab pote yon chanje reyèl. Starlink, ki se yon founisè sèvis entènèt via satelit, gen kapasite pou delivre yon sèvis ki rezonab, ki serye, ak rapid nan peyi d’Ayiti. Anplis, li ofri yon solisyon ki ka rete ekonomik nan long tèm epitou, li adapte a bezwen popilasyon an.
Nou mande Ministè Kominikasyon ak Ministè Ekonomi epi Finans pou kolabore e fasilite antre Starlink nan mache Ayisyen an atravè patenarya avèk EM3 ÉCOSSISTÈME. Sa va kontribye nan kreye yon anviwonman kote djaspora ak Ayisyen k ap viv anndan peyi a, toutmoun, kapab benefisye de opòtinite mondyal yo.
Siyen petisyon sa a pou fè tande vwa nou ansanm e pouse gouvènman Ayisyen an pran aksyon nan lide ke tout Ayisyen gen dwa ak yon bon kalite sèvis entènèt ak pri ki aksesib.
124

Message aux signataires
Partager la pétition
Pétition lancée le 17 septembre 2026