Petisyon pou mande ULCC al ankete sou mèri Pòdepè ak direkyon depatmantal TPTC Nòdwès
Le problème
Òganizasyon Politik Pitit Zansèt lanse petisyon sa pou mande Inite Lutte Contre la Corruption (ULCC) louvri san pèdi tan yon ankèt pwofon sou pratik kòwipsyon, gaspiyaj ak zak briganday k ap fèt nan Mèri Komin Port-de-Paix ansanm ak Direksyon Depatmantal TPTC (Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon) Nòdwès.
Depi plizyè tan, plizyè sitwayen ak aktè lokal ap denonse:
- Magouy nan jesyon fon piblik yo,
- Distribisyon kontra ant zanmi ak fanmi,
- Move itilizasyon materyèl leta,
- Ak pratik ki lwen tout prensip etik ak transparans.
Pitit Zansèt kwè se dwa pèp la pou l konnen kijan lajan leta ap depanse, e se devwa ULCC pou l pran dosye sa oserye.
Nou mande tout sitwayen k ap lite pou yon lòt Ayiti, tout jèn, fanm, ak gason ki kwè nan jistis ak bon gouvènans, siyen petisyon sa a pou n rive jwenn 3000 siyati ki pral remèt ofisyèlman bay ULCC.
Se ansanm n ap mete fen nan sistèm vòl ak imoralite ki ap detwi avni pitit peyi a.
Nou pa mande favè, nou mande jistis!

163

Voix de signataires
Message aux signataires
Partager la pétition
Pétition lancée le 19 octobre 2025