PETISYON NASYONAL POU JISTIS, VERITE AK REPARASYON POU VIKTIM GAZOLIN SISPEK
Le problème
PETISYON NASYONAL
POU VERITE, JISTIS AK REPARASYON POU VIKTIM GAZOLIN SISPEK
Yon inisyativ Alternative Syndicale pour le Transport Moderne — ASTM
Nou menm, sitwayen, chofè, motosiklis, pwopriyetè machin, pwopriyetè dèlko, travayè transpò ak lòt moun ki konsène, nou lanse petisyon sa a apre anpil plent ki fè konnen gazolin k ap vann sou mache ayisyen an lakòz pann ak domaj sou machin, motosiklèt, dèlko ak lòt ekipman.
Sa pa sanble ak kèk ka izole ankò. Plent yo pran yon dimansyon nasyonal.
Pou yon chofè, yon moto oswa yon machin ki kraze kapab vle di li pa ka travay. Pou yon fanmi oswa yon ti biznis, yon dèlko ki domaje kapab lakòz gwo depans, pèt revni ak difikilte ekonomik.
Se poutèt sa, kestyon sa a konsène dirèkteman sekirite konsomatè yo, pwoteksyon byen sitwayen yo, revni fanmi yo ak responsabilite otorite ki dwe kontwole kalite pwodwi ki antre epi ki vann sou mache a.
YON PWOBLÈM NASYONAL MANDE YON REPONS NASYONAL
ASTM mande pou Leta sispann fè deklarasyon san rezilta konkrè. Popilasyon an bezwen prèv, analiz serye, ankèt endepandan, transparans, responsabilite ak reparasyon pou viktim yo.
BAZ LEGAL PETISYON AN
Petisyon sa a chita sou plizyè prensip legal:
Konstitisyon Ayisyen an, Atik 19, mete sou Leta obligasyon pou pwoteje lavi ak sante popilasyon an.
Atik 27 ak 27.1 prevwa rekou ak responsabilite lè dwa sitwayen yo vyole, selon kondisyon lalwa.
Kòd Sivil Ayisyen an, Atik 1168 ak 1169, etabli ke yon moun ki lakòz yon domaj pa fot, neglijans oswa enprudans kapab gen obligasyon pou repare domaj la.
Anplis, enstitisyon piblik ki responsab kontwòl kalite ak pwoteksyon konsomatè yo gen misyon pou verifye pwodwi yo, pran echantiyon, fè analiz epi resevwa plent.
SA NOU MANDE
1. YON ANKÈT ENDEPANDAN
Nou mande yon ankèt teknik, syantifik ak endepandan sou gazolin ki konsène nan plent yo.
2. ANALIZ ECHANTIYON
Nou mande pou pran echantiyon nan estasyon sèvis, depo, tank ak lòt pwen distribisyon pou fè analiz nan laboratwa konpetan.
Rezilta yo dwe piblik, klè epi aksesib pou popilasyon an.
3. TRASABILITE PWODWI A
Nou mande pou etabli tout chemen pwodwi a:
Enpòtasyon → Depo → Transpò → Distribisyon → Estasyon sèvis → Konsomatè.
Sa dwe pèmèt konnen ki kote gaz la soti, kote li pase, kiyès ki te manipile li ak ki aktè ki te patisipe nan chèn distribisyon an.
4. YON REJIS POU VIKTIM YO
Nou mande yon sistèm ofisyèl pou moun ki deklare yo viktim kapab anrejistre ka yo epi prezante prèv yo, tankou:
resi gaz;
fakti reparasyon;
rapò mekanisyen;
foto oswa videyo;
pyès ki domaje;
lòt dokiman itil.
5. EKSPÈTIZ SOU MATERYÈL KI DOMAJE YO
Nou mande ekspè endepandan egzamine materyèl ki domaje yo pou etabli orijin pann yo, verifye lyen ak gazolin nan, epi ede detèmine responsabilite dapre lalwa.
6. RESPONSABLITE
Apre ankèt la fin etabli kiyès ki responsab zak malonèt sa yo, ansanm ak nenpòt konplisite, neglijans oswa lòt fot ki pwouve, nou mande pou lajistis fè travay li san patipri, san presyon epi san okenn pwoteksyon pou moun oswa enstitisyon ki jwenn responsab yo.
Tout moun, antrepriz oswa enstitisyon ki jwenn responsab dwe reponn devan lalwa.
7. REPARASYON AK DEDOMAJMAN
Tout moun ki pwouve domaj yo ak lyen ant domaj sa yo ak responsabilite ki etabli a dwe kapab jwenn yon reparasyon jis ak dedomajman reyèl.
Sa kapab gen ladan:
reparasyon motè;
ranplasman pyès;
remokaj;
fakti mekanisyen;
pèt itilizasyon machin oswa moto;
pèt revni;
domaj sou dèlko ak lòt ekipman.
8. TRANSPARANS
Nou mande piblikasyon rezilta ankèt ak analiz yo, ansanm ak mezi otorite yo pran.
Popilasyon an gen dwa konnen verite a.
9. PREVANSYON
Nou mande Leta mete sou pye oswa ranfòse yon sistèm pèmanan pou kontwole kalite gaz ak lòt pwodwi petwòl anvan yo antre sou mache a, pandan depo yo, pandan transpò yo ak pandan distribisyon yo.
YON VIKTIM PA DWE POTE PÈT LA POU KONT LI
Nou mande pou chak moun ki deklare li viktim kapab:
ANREJISTRE KA LI — PREZANTE PRÈV LI — JWENN EKSPÈTIZ — KONN VERITE A — EPI, LÈ RESPONSABLITE PWOUVE, JWENN REPARASYON AK DEDOMAJMAN DAPRÈ LALWA.
NOU SIYEN POU:
VERITE — JISTIS — TRANSPARANS — RESPONSABLITE — REPARASYON — DEDOMAJMAN
FÒM POU SIYEN PETISYON AN
Non ak Siyati: ______________________________________
Vil/Komin: __________________________________________
Telefòn / Imèl: ______________________________________
Kalite viktim:
☐ Machin ☐ Motosiklèt ☐ Dèlko ☐ Lòt materyèl
Kote gaz la te achte: _________________________________
Dat acha a: __________________________________________
Domaj prensipal: _____________________________________
Estimasyon depans/domaj: ______________________________
Mwen genyen prèv:
☐ Wi ☐ Non ☐ Prèv yo ap rasanble
Kalite prèv:
☐ Fakti reparasyon ☐ Rapò mekanisyen
☐ Foto/Videyo ☐ Pyès ki domaje ☐ Lòt
Mwen dakò ak objektif petisyon an: ☐ Wi
Siyati: __________________________
Dat: _____________________________
ALTERNATIVE SYNDICALE POUR LE TRANSPORT MODERNE — ASTM
Inisyativ pou defann viktim yo, mande verite sou kalite gazolin nan epi egzije reparasyon lè domaj ak responsabilite pwouve.
Jacques Anderson Desroches
Coordonnateur général
Alternative Syndicale pour le Transport Moderne — ASTM
Imèl: jacquesandersondesroches763@gmail.com

20

Message aux signataires
Partager la pétition
Pétition lancée le 21 septembre 2026