Jistis Ekonomik Pou Pwofesyonèl ak Travayè Ayisyen

Jistis Ekonomik Pou Pwofesyonèl ak Travayè Ayisyen

0 a signé. Prochain objectif : 50 !
Quand elle atteindra 50 signatures, cette pétition aura plus de chance d'être inscrite comme pétition recommandée !
Sitwayen Angaje a lancé cette pétition adressée à Sektè Prive Fòmèl ak Infòmèl ak Sosyete Sivil

Depi 2018 move kondisyon ki toujou ap sakaje peyi a rive nan dènye bout li. Kit se pou peyi lòk, kit se pou insekirite ak kidnapin, kit se pou pwoblèm gaz; sektè travayè ak pwofesyonèl toujou ap pran kou. Ti biznis konn bije fèmen, gwo biznis konn bije voye kèk moun ale epi redwi salè sa yo kembe.

Ak pwoblèm ensekirite ki lakoz pa gen gaz, nap vire ronn epi tounen nan menm vye ensètitid yo. Aloske leta toujou resevwa enpo kòm sa dwa, kit peyi mache, kit li pa mache.

Yo toujou rele pwofèsyonèl ak travayè majorite silansyez! Li lè pou nou fè yo tande vwa nou!

Se pa nòmal pou yo kontinye ap prelve enpo sou revni bay leta, alòske menm leta sa a pa pran reskonsabilite pou antrepriz yo ka fonksyone, pou paran voye timoun lekòl, pou travayè endepandan ka degaje yo monte desann nan aktivite yo san kè sote.

Pou sa, nap mande sektè prive fòmèl, infòmèl, bankè, elatriye; nan ekonomi a zero kap depanse san rantre nou ye la a, desizyon dwe kòmanse pran pou elimine enpo yo pran sou anplwaye, avan yo bije retounen nan stad rediksyon ak fèmen pòt. Jiskaske leta ka pèmèt anplwaye, travayè, ak antreprenè sikile san kè kase pou bay pwòp tèt yo sèvis.

NOU DESIDE SISPANN PEYE PO KASE POU LETA KI PAKA PRAN RESKONSABILITE L!

SALÈ AK REVNI NOU JWENN NAN BOURIKE ANBA MOVE KONDISYON PAP KA FINANSE PRIVILÈJ BANN CHÈF NAN LETA KI PAP TRAVAY!

ANN SISPANN PEYE ENPO NAN MOVE KONDISYON JOUK LETA BAY SÈVIS POU KITE MOUN KI DESIDE TRAVAY VANSE!

0 a signé. Prochain objectif : 50 !
Quand elle atteindra 50 signatures, cette pétition aura plus de chance d'être inscrite comme pétition recommandée !