
LETA METE LAJAN BIDJÈ A POU KREYE SANT RESIKLAJ POU TRANSFÒME FATRA.

0 a signé. Prochain objectif : 10 000 !

Depi aprè ane 1986 vil nou yo tounen depotwa ak Poubèl kote nou jete fatra, nan tout lari, devan tout bwat leta, nan tout machin bis, kamyonèt, devan tout biznis ou jwenn Yon gro pil FATRA. Pandan nou toujou ap di (lari a se salon pèp la).
Domaj anpil nan nou konn sèvi ak fatra sa kòm yon adrès, gen lòt menm ki konn fin retire fatra devan pòt li epi li al metel devan Kay yon lòt moun eske sa se yon jès ki nòmal? Jere fatra nan lari Vin tounen yon abitid.
Nou tout konnen nan tout vil se Meri a ki gen misyon pou kenbe vil la pwòp sansibilize moun epi mete bon Jan estrikti Pou Jere FATRA. Men nan peyi AYITI nou we sa fèt lòt Jan kote Meri yo pa la pou ramase FATRA yo jis la Pou sanble FATRA epi Se yon lòt enstans ki la pou ramasel, sa vle di si lòt enstans lan pa ramasel nenpòt lòt moun Ki opoze ak travay Meri ka deside gaye FATRA ou byen pranl al metel Yon lòt kote ,( a la traka Pou FATRA).Nan lide Pou nou propoze yon solisyon Ki dirab nap mande pou Ministè enteryè (Ministère de l' interieur) ak palman AYISYEN an soti yon dekrè ki bay Meri yo atribisyon pou yo kenbe vil la pròp pandan yap sanble fatra epi yap ramasel, epi metel nan yon sant kote yo resikle ( recycler) FATRA , pou sa rive fèt nap mande pou yo mete lajan nan bidjè pou prete moun ki gen bon pwojè ki gen rapò ak resiklaj fatra, epi mete lajan nan bidjè MERI ki nan peyi a pou yo kreye sant resiklaj epi egzije pou yo bay bon program ak pwojè epi mande rapò sou ki Jan lajan sa depanse.
Ann montre mouche leta se pa sèl chili ak brezil nou ka deside ale men nou ka deside ki peyi nou vle epi ki vizyon nou pou peyi nou. Nap mande pou tout moun kap viv ki santi yo konsène , ki santi yo wont yo pa ka ap viv sou fatra ankò pou yo pote kole pandan nap di WI ak petisyon sa, nap patagel sou tout rezo sosyo yo nan tout radio ak televizyon bay tout lòt moun ki renmen pwòpte epi ki vle viv tankou moun.https://www.facebook.com/Petisyon-Pou-Fatra-Tounen-Rich%C3%A8s-130243421038360/
Mèsi anpil
Pou enfòmasyom: +5093888-1917 imel:haitikasechenn@gmail.com fatraseriches@gmail.com
ÒGanizasyon Ki sipòte petisyon sa:
3- ASSO-CONSEILS.
4- KONBIT JENES
5- AYITI NEXUS
Confirmer votre signature
0 a signé. Prochain objectif : 10 000 !