AJI AK KONSYANS
AJI AK KONSYANS
Nòt komine Tomazo pou la nasyon
Ayiti yon peyi... yon pèp vanyan... san parèy men ki pa gen chans! Peyi moun kap plante ak zong men ki pa janm rekolte kap soufri ki pa jwenn yon bon laswenyay ki vle fonksyone ki pa jwenn wout. Kafou moun kap batay pou lavi men kap viv pi mal ke kadav vivan. AJI POU KONSYANS di Nou bouke...! Wi nou bouke jete konfyans nan sak san fon. Travay pou chwal ap golonnen ou goumen pou zòt ap pyafe.
Li le li tan pou pitit komine lan pran direksyon komine lan an men. Pou tèt sa komine Tomazo ap di tout Nasyon an a tout goj li ke li mande pou prezidan Jovenel MOÏSE retounen sou desizyon bay chat veye bè. Se poul veye abolotcho yo anwo ni anba. Komine Tomazo gen Dukens TOUSSAINT Yon konbatan Yon patriyot konsekan e onèt pou reprezante l Nan tèt komine lan valableman