*BARAJ DLO SOU GRAN RIVYÈ DEPATMAN NÒ KI "LATÀNRI" a fini, N'ap mande Leta pou inogire'l!

*BARAJ DLO SOU GRAN RIVYÈ DEPATMAN NÒ KI "LATÀNRI" a fini, N'ap mande Leta pou inogire'l!

48 ont signé. Prochain objectif : 50 !
Lancée le
Adressée à
l'etat

L'importance de cette pétition

Lancée par Belin JN PIERRE

    *BARAJ DLO SOU GRAN RIVYÈ DEPATMAN NÒ,  KI trouve'l nan lokalite LATÀNRI a fini, N'ap mande Leta pou inogire'l prese prese!*

    Malgre anpil Neglijans, chans pou moun KATYEMOREN, apre 41 lane kraze E pap fonksyone, ansyen Prezidan Jovenel MOÏSE te pran desizyon pou rekonstrui BARAJ ki sou gran rivyè NÒ a .

    Travay sa yo ap pèmèt ke komin Katyemoren reprann skanp figi'l e ede tout depatman nò e rès peyi a ak produi ki soti nan latè.

    Travay rekonstriksyon yo fèt an majè pati, malerezman anyen pa di sou INOGIRASYON'L jis pou kiltivatè yo kapab aroze tè yo e reprodui nòmalman. 

Kontni:  *(Siyen petisyon sa vle di ke'w se yon sitwayen ki kont fason ke Leta ap fonksyone, e mande Leta pou jis Mete baraj la fonksyonèl pou peyizan kapab reprann souri nan vizaj yo e pou lavichè a bese ak pwodiksyon anplis de tè ki pral awoze)*

       *Lè nou konsidere* Bèl efò ki fèt pou BARAJ LATÀNRI kapab rekonstrui.

       *Lè nou konsidere* lontan kisa ke komin KATYEMOREN te reprezante lè BARAJ sa t'ap fonksyone.

      *Lè nou konsidere* kòman ke lavi chè a ap ogmante, pa gen travay, tout jenn gason ak fanm pedi espwa e yo oblije kouri kite peyi a.

      *Lè nou konsidere* Ke BARAJ sa ap ka pèmèt plis pwodiksyon e redui lavi chè nan peyi a*

    *Lè nou konsidere* IRESPONSABILITE TOTAL Leta nan ede popilasyon an ki an detrès nan tout sans !

      *Lè nou konsidere* ke menm yon INOGIRASYON se yon pwoblèm pou LETA sa!!!

   *ASOCIVIL* ap di ke nou mele e mande Leta prese prese pou INOGIRE BARAJ la, pou tout sitwayen kapab travay, pwodui manje e viv ak plis diyite!!!

 

    Fas a yon Leta Fayi, tout Sitwayen dwe aji!!!

    Nou poko ap fè menas men n'ap aji!!!

 

*ASOCIVIL* *"ACTIONS DE LA SOCIÉTÉ CIVILE"*

48 ont signé. Prochain objectif : 50 !