KANPAY AYITI PALE KREYÒL POU YON ENDEPANDANS MANTAL

KANPAY AYITI PALE KREYÒL POU YON ENDEPANDANS MANTAL

Início
14 de agosto de 2022
Assinaturas: 11Próxima meta: 25
Apoie já

A importância deste abaixo-assinado

Iniciado por Charlot Odson

CLUB EM3

Club EM3 se yon sosyete entènasyonal ki fonde pa yon ayisyen kap viv nan kominote diasporaa. Klèb EM3 travay nan plizyè peyi pòv oubyen peyiw an vwa devlopman nan mond lan.

Men pi gro vizyon klèb la se refòmate anpil bagay an ayiti kòm :

a) Transfòme chak sitwayen kap viv nan peyia kòm premye resous epi mete li kòm premye richès ki dwe eksplwate.

b) Ekzèse fòs amitye epi eksplwate pouvwa tèt ansanm (linyon).

Pou refòm nap palea posib fòk nous panche premyeman  sou kesyon lang. Nou chwazi kreyòl kòm sèl e inik lang ofisyèl peyia. Nou pral mande pou konstitisyon ak tout sa ki gen rapò ak soverènte peyia ekri an kreyòl. Okenn reprezante peyia pa dwe pale lòt lang pou pale ak pèp la.

Tout sa ki gen rapò ak revolisyon li toujou komanse ak yon lide tankou lide nòb saa pou elimine fransè kòm lang ofisyèl peyia.

Klèb EM3 mande pou tout ayisyen pran responsablite patriotik pou siyen petisyon saa epi patajel epi mobilize tout mou'n pou pote kole.

Si chak mou'n pran responsablite pou envite 50 mou'n, nan yon mwa petisyon an ap gen kantite vwa nou bezwen an pou'n ka pase nan faz 2 pwojèa. Ann pote kole.

Apoie já
Assinaturas: 11Próxima meta: 25
Apoie já