Elektrisite Pou Kominote nan Demarè, Duverger, Tête L'Etang e Lòt Zòn Vwazen.

Elektrisite Pou Kominote nan Demarè, Duverger, Tête L'Etang e Lòt Zòn Vwazen.

0 have signed. Let’s get to 100!
At 100 signatures, this petition is more likely to be featured in recommendations!
Gwoupman Devlopman Kominotè started this petition to BIWO EDH VIEUX-BOURG D'AQUIN and

PETISYON POU “ÉLECTRICITÉ D'HAÏTI (EDH)” AK BIWO EDH KI NAN VIEUX-BOURG D’AQUIN

 


Nou menm ki siyen,

  • Rezidan nan premye seksyon kominal Aquin k ap viv nan katye Demarè, Duverger e lòt katye nan zanviron an..
  • Rezidan nan 4yèm seksyon kominal  Aquin k ap viv nan "Tete ‘L’Etang" ak zòn vwazen.
  • Sitwayen ki soti nan 1e ak 4e  seksyon e ki manm Gwoupman Devlopman Kominotè (G-DEK) men k ap viv kounye a nan plis ke 12 peyi sa yo: Frans, Repiblik Dominikèn, Chili, Aruba, Etazini, Kanada, Brezil, Sen Maten, Gwadloup, Matinik, Sirinam, Giyàn.
  • Manm gwoup G-DEK k ap viv nan de seksyon kominal ki  mansyone pi wo a.

Nou vle atire atansyon EDH ak Biwo EDH (Vieux-Bourg d’Aquin) sou pwoblèm sa:

Zòn n ap site la yo Vieux Bourg, Masseillan, Fond-des-Nègres, e lòt zòn ki sou menm liy ak yo deja apwovizyone ak enèji elektrik aprè ke EDH te fè travay reyabilitasyon nan rezo elektrik ki soti nan Vieux -Bourg d’Aquin . An menm tan an, 1e seksyon ak 4e seksyon kominal nan Aquin (Soti Kafou 44 rive nan Kafou Majikak ) yo totalman inyore yo nan distribisyon  kouran elektrik la malgre sitwayen kap vin nan zòn nan ak sa k ap viv nan peyi etranje yo te deja fè anpil jefò pou ede konstwi santral elektrik la. 

Poukisa malgre  poto ak fil elektrik yo deja enstale nan zòn nan, kouran an pase devan je nou li ale lòt kote?

Poukisa se nou ki toujou travay epi se lòt moun ki toujou ap galonen?

Kidonk, 

Nou menm ki siyen petisyon sa a,

Mande EDH ak Biwo EDH nan Vieux-Bourg d’Aquin pou li pran tout mezi ki nesesè pou fè kominote nou ki nan Demarè, Duverger, Tête L'Etang e lòt zòn vwazen yo  gen kouran prese prese. 

0 have signed. Let’s get to 100!
At 100 signatures, this petition is more likely to be featured in recommendations!