Sove Bon repos

Sove Bon repos

0 a signé. Prochain objectif : 10 !
Quand elle atteindra 10 signatures, cette pétition aura plus de chance d'être inscrite comme pétition recommandée !
Académie des jeunes encadreurs a lancé cette pétition adressée à commune

Lapè, se premye bezwen tout moun vle jui. E li rete tou pou limanite kòm pi gwo defi. An fèt, nou menm an Ayiti nou prive de byen sa pandan plizyè ane, toutfwa gen de mwa ou ane nou konn jwenn li, men se pa entèmetans. Èske li ta dwe konsa? Kisa moun ki bezwenl yo ta dwe fè pou jwenn li? Kesyon sa yo anpil lòt nap bouske repons pou yo nan Petisyon sa. E gras ak siyatiw nap rive jwenn repons yo poun kwape fenomèn poun byen nap chèche a kise Lapè. Alòs, li klè ke se konsekans de enkonsekans nou nap peye fas ak gwo van laperèz sa kap soufle sou peyi a nou an. Byen ke, pi gran responsab la se Leta nou an.

Depi ane 2020 pèp Ayisyen an pèdi nèt ti rès lapè li te gen an akòz yon fenomèn Kidnapin, kote pèsòn pa epanye: ti machann, ouvriye, profesyonèl, ekolye, etidyan e menm pèsonèl Leta. Moun nan tout kouch/ kategori ap viktim e pèsòn ka pote yon solisyon nan problèm lan. Yo pito rantre nan demach sove tèt pam, tann tou pam, rele lè se tou pam e peye pou lage moun pam. Pandan fenomèn lan ap gaye tankou lafimen nan tout zòn/ katye/ mezon. Se pou tèt sa, nan pèspektiv poun di non ak kidnapin lan, e mande ak otorite etatik yo degaje yo pou yo kwapel nou lanse mouvman Sove Bon repos. Paske menm jan ak lòt zòn yo ravisè yo sou wout fè Bon repos sove nan men nou nan mache kidnape sitwayen mande yo gwo lamama epi tiye, piye, epi pote ale tout sa yo jwenn sou wout yo. Donk, avan bagay la pi rèd, nap siyen petisyon sa poun Sove Bon repos.

0 a signé. Prochain objectif : 10 !
Quand elle atteindra 10 signatures, cette pétition aura plus de chance d'être inscrite comme pétition recommandée !