Fok leta mete fen nan ensekirite ak lamize sou wout ak nan Gran Sid

Fok leta mete fen nan ensekirite ak lamize sou wout ak nan Gran Sid
Lakay nou an Ayiti,se chak jou moun ap mouri anba bal asasen san ke leta pa leve yon ti dwa.Moun nan tout kouch nan sosyete a ap tonbe anba bal san yo pa genyen yon gren chans pou yo jwen jistis.
Siyen petisyon sa vle di kew se yon sitwayen ki kont fason leta inyore lavi moun kap mouri tout jounen sou wout Martissant an epi ou endiye antanke sitwayen paske leta pa vle aji ni poze okenn aksyon pou kanpe deriv sa yo.
Endiyasyon kont absans volonte leta pou bay sekirite nan peyi a .Fas ak yon leta fayi,tout sitwayen dwe aji
Gran sid poko menm soti anba goudougoudou 14 dawou li deja ap sibi tout sot vyolans anba bandi.
le nou konsidere kouman leta ayisyen femen zyel sou jan moun ap mouri nan tout kwen nan peyi a
le nou konsidere zak kidnaping,vyol sou fanm elatriye,
le nou konsidere konivans leta a ak bandi yo pou dekapitalize tout yon region ki genyen plis pase 2 milion moun,
le nou konsidere absans total leta a nan jesyon dega tranbleman te a fe nan gran Sid la,
le nou konsidere leta bliye net al kole se li ki dwe garanti tout kondisyon pou yon vi miyo,
FOSREP ki se Force Region des Palmes ap envite tout sitwayen a yon dezobeyisans sivil jeneralize.
DEZOBEYISANS SIVIL!!! Depi jodia jouk leta ba nou sekirite.